EOS VS ETH

View this thread on: d.buzz | hive.blog | peakd.com | ecency.com
·@carlomile·
0.000 HBD
EOS VS ETH
<b>Kiyes kap genyen Batay sa a.</b>

![](https://steemitimages.com/DQmPVwuzFCmvhcEwvDLTVm2z3QNqTvrKy9qGAdtjSPFeq2Y/image.png)

Depi kek semen nou apran konnen de EOS ki gen anpil spekilation ladanl, epi ki k gwo konkiran Eth, depi mwa janvye EOS ap konnen yon bel monte nan tableau klasman tout lajan elektronik yo. Develope EOS la kise Daniel Larimer li t patisipe nan developman Bitshares, ak Steemit, lap travay kounye a pou block.one ki se yon platfom kap develope aplikasyon blockchain pou antrepriz sou EOS.

Nou konnen potansyel Blockchain lan genyen e tt sa ki t fe vale ETH se paske pifo lot mone se sou Blockchain eth la yo ye, EOS gen poul soti pwop Blockchain pal kote nimpot moun kapab kreye aplikasyon sou platfom sa a. 

Poukisa nou dwe envesti/achte EOS ?

![](https://steemitimages.com/DQmSbMAAqUVk3Y8yGcTz15t5peMt5x8BUe8iM7gJhHXP613/image.png)

Len sonje ane pase ki reko eth t bat kotel t soti a 7 dola janvye 2017 epi li rive a 1200 dola an desanm ki sot pase a. Plis pase 12 000 % ogmantasyon sou 12 mwa, sa vle di si yon moun t envesti 100 dola ladanl li tap fe 12 000 dola, ki pi bon envestisman ki t genyen, men se gras ak kek fakte ki koz sa, nou konnen pifo ICO se sou platfom ETH la yo ye, e pifo se ak ETH pouw achte yo e 2017 la anpil ICO ranmase anpil milyon dola. 
Ebyen EOS vini ak menm konsepsyon an kote avek Blockchain li an kap soti pou mwa jen an pral gen anpil aplikasyon ki pral fet sou platfom yo a epil ap tre demande. Sa ki pral fe pri EOS la ogmante. 

<b>Men nan Batay sa kiyes nou panse ki ap genyen ?</b>

Esken panse EOS k rive nan 500 dola nan 6 mwa ? 

Map tann repons nou nan komante...
@carlomile
👍 , , , , , , , ,